Nombre total de pages vues

samedi 14 août 2010

Ayiti : 3 travayè lasante dekore ak meday Florence Nightingale

vendredi 13 août 2010

Pòtoprens, 13 dawout 2010 [AlterPresse] --- 3 travayè lasante ayisyen pral resevwa, nan aprèmidi jodi vandredi 13 dawout 2010 la, meday Florence Nightingale.
Se yon pri komite Lakwawouj entènasyonal abitye bay moun ki te montre yo gen anpil kouraj, nan pote sekou bay moun ki viktim oswa lagè oswa katastwòf natirèl.
Mickaelle Colin, Germaine Pierre Louis ak Jude Celorge ap resevwa kokennchenn dekorasyon sila a pou laswenyay yo te bay moun ki te viktim nan tranbleman tè 12 janvye 2010 la.
Seremoni an pral fèt nan zòn Akayè (yon vil ki chita sou yon distans 31 kilomèt nan nò Pòtoprens), dapre yon kominike komite entènasyonal Lakwawouj (CICR) pibliye vandredi maten.
Se premye fwa travayè lasante ayisyen ap resevwa meday sa a ki se pi gwo rekonpans travayè lasante te ka resevwa.
Germaine Pierre-Louis, se yon enfimyè Lakwawouj nan depatman Sidès. Malgre sekous yo te kraze plat atè kay kote li te rete a, li te kanmenm ede anpil moun jwenn swen.
Jude Celorge, volontè Lakwawouj ayisyen, limenm tou, te viktim 12 janvye a, men sa pa t anpeche l fè travay li.
Mickaelle Colin, bò kote pa l, se enfimyè an chèf nan lopital Sanatoryòm, yon lopital ki bay moun ki gen maladi tibèkiloz swen. Apre tranbleman tè a, li te travay san pran souf pou pèmèt malad nan lopital Sanatoryòm yo jwenn sekou.
Gen 1 309 enfimyè komite Lakwawouj entènasyonal deja dekore ak meday Florence Nightingale nan lemonn. [kft rl rc apr 13/08/2010 11:49]

http://www.alterpresse.org/spip.php?article9841


Komantè

Nou wè ke Ayisyen sa yo ka ban nou anpil leson. Se yon okazyon pou nou pofite pou nou di ke nan peyi nou an se pa sèlman malfektè kap sekestre moun ki gen yen. Gen anpil moun ki onèt tou.

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire